|
YO AKÒDE M-DCPS YON DON $100 MIL DOLA FON FEDERAL Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te pami 75 òganizasyon ki soti nan 27 eta yo nonmen gayan yon don $100,000 ki soti nan “U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS)” (Sèvis Imigrasyon ak Sitwayènte Etazini) “Fiscal Year (FY)” (Ane Fiskal) 2010 pou Pwogram Fon pou Sitwayènte ak Entegrasyon. Yo pral distribye yon total don $7.8 milyon dola pou pwomote edikasyon sitwayènte ak entegrasyon imigrasyon atravè peyi a. Pwogram nan ki rele " Chemen Rapid pou Sitwayènte" pral bay yon minimòm 250 patisipan sèvis atravè konpozan edikasyon sou sitwayènte ak konpozan preparasyon aplikasyon natiralizasyon. Pwojè a pral bay asistans pou aplikasyon natiralizasyon ak ansèyman entansif sou sitwayènte pou “Lawful Permanent Residents (LPR)” (Rezidan Pèmanan Legal) yo vize, ki te soumèt aplikasyon natiralizasyon yo, e ki prè pou aplike, oubyen ki pral prè pou aplike nan yon ane. Doktè Joanne H. Urrutia Direktris Administratif, Divizyon Edikasyon Bileng ak Lang Mondyal Lekòl Leta Miami-Dade County di, "Chemen Rapid pou Sitwayènte, se yon gran opòtinite pou amelyore klas Distri a ap ofri aktyèlman pou prepare elèv yo pou pwosesis natiralizasyon an. Pwogram Edikasyon Adilt M-DCPS pral ofri pwogram nan nan twa lokasyon (nò, sid, ak santral) kote gwo kantite LPR rete. Atravè pwogram don konpetitif sa a, USCIS ap chèche pou elaji preparasyon pwogram sitwayènte pou LPR yo pou asire tout moun ki angaje nan objektif pou yo vin sitwayen Ameriken resevwa sipò yo bezwen pou yo reyisi. Ogmantasyon opòtinite ak lòt resous nan kominote yo ap ede LPR yo amelyore ladrès yo nan Lang Anglè ak konesans sou istwa ak gouvènman Etazini pandan yo ap prepare pou natiralizasyon. Pou aprann plis sou Chemen Rapid pou Sitwayènte, rele Doktè Beatriz Diaz nan 305-579-0340. Pou enfòmasyon sou Pwogram Don pou Sitwayènte ak Entegrasyon FY 2010, vizite www.uscis.gov/grants. ### 10-JS/278/GC/SD
|