|
SENK LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL PATISIPE Samdi 6 novanm, elèv nan senk Lekòl Leta Miami-Dade pral patisipe nan dezyèm Festival anyèl “Holy Moly Guacamole” Redland. Evènman an ap fèt nan 30205 SW 217 Avenue, Redland. Festival “Holy Moly Guacamole” Redland nan ap chèche ogmante konesans sou zaboka Florid yo ki grandi nan zòn nan e aksantye sou konbinezon sèvis manje ak agrikilti nan Florid e enpak li fè sou jèn depi nan lekòl segondè rive nan kolèj. Elèv Sant Edikasyonèl Robert Morgan, Lekòl Segondè Young Men’s Academy nan MacArthur South, Homestead, John A. Ferguson, an konjonksyon ak Enstiti Kilinè Kolèj Miami-Dade, pral etale ladrès kilinè yo nan festival la. Pwogram kilinè lekòl la pral resevwa zaboka Florid pou prepare pla manje pou vann nan festival la. Atis lekòl yo ap kreye travay ar baze sou fwi, vejetab, agrikilti “lokal” yo ak dekò Redland. Ane sa a, elèv ki soti nan Young Men’s Academy nan MacArthur South pral etale tou pyès atistik yo. Tout pwofi yo prale dirèkteman pou chak pwogram kilinè lekòl yo. Nan evènman ane pase a, elèv ki te soti nan kat lekòl segondè te ranpòte “Guinness World Record” (Rekò Mondyal Ginès) pou pi gwo pla guacamole ki te peze 4,114 liv. Tikè pou evènman an se $6 alavans e $10 jou evènman an. ### 10-JS/279/VVL/SD
|