|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 2 Nov. 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP FÈ EKSPOZISYON CHEMEN KARYÈ 2010 POU ELÈV AK ADILT
MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County, ak Kolèj Miami Dade ap fè EKSPOZISYON Chemen Karyè 2010 pou Elèv ak Adilt nan samdi 13 novanm 2010 kòmanse a 10è dimaten pou rive a 3è nan aprèmidi nan Sant Edikasyonèl Robert Morgan, 18180 SW 122 Avenue, Miami, FL 33177.
Yo ankouraje paran ak elèv nan sizyèm rive 12yèm ane eskolè e tou elèv ak adilt nan post lekòl segondè, pou ale nan evènman gratis sa a pou aprann plis sou pwogram Edikasyon Karyè ak sèvis yo ofri nan Lekòl Leta Miami-Dade County ak nan Kolèj Miami Dade.
EKSPOZISYON gratis la ap p èmèt patisipan yo aprann sou pwogram akademi karyè tankou Achitekti, Konstriksyon, Enfòmasyon Teknoloji, Ospitalite ak Touris, Syans Agrikòl, Edikasyon, Syans Sante/Medikal e plis toujou. EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi chemen karyè pou avni an. Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki akonpaye ak paran yo ka pran avantaj sou transpòtasyon gratis pou ale e retounen sot nan EKSPOZISYON an nan lekòl Miami-Dade County yo chwazi.
Pou plis enfòmasyon rele 305-693-3030 oubyen vizite http://dcte.dadeschools.net.
###
10-JJS/280/DF/CF
Retounen sou Nòt pou Laprès |