Yo ankouraje paran ak elèv nan sizyèm rive 12yèm ane eskolè, ansanm ak adilt k ap fè etid apre lekòl segondè pou ale nan evènman gratis sa a pou aprann plis sou pwogram Edikasyon Karyè ak sèvis yo ofri nan Lekòl Leta Miami-Dade County ak nan Kolèj Miami Dade.
EKSPOZISYON gratis la ap pèmèt patisipan yo aprann sou pwogram akademi karyè tankou Achitekti, Konstriksyon, Enfòmatik, Ospitalite ak Touris, Syans Agrikòl, Edikasyon, Syans Sante/Medikal e plis toujou. EKSPOZISYON an se yon opòtinite pou ede elèv chwazi chemen karyè yo pou lavni. Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ki akonpaye ak paran yo ka pran avantaj sou transpòtasyon gratis pou ale e retounen sot nan EKSPOZISYON an nan lekòl Miami-Dade County yo chwazi.
Pou plis enfòmasyon, rele 305-693-3030 oubyen vizite http://dcte.dadeschools.net.
|