|
***FOTO POU LAPRÈS*** SANT APRANTISAJ PRIMÈ LEKÒL LETA MIMI-DADE COUNTY “Primary Learning Center (PLC)” (Sant Aprantisaj Primè) Lekòl Leta Miami-Dade County te fè yon Parad pou Selebre Aprann Li ak Ekri e Literati jodi a. Elèv yo te abiye kòm karaktè liv yo pi renmen e te li istwa ak envite yo. Pami lektè envite yo te gen Manm Komisyon Konsèy Lekòl Lawrence S. Feldman ak Wilbert “Tee” Holloway, ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho. Se “Scholastic” ki te patwone evènman an. Patrick Cucci, Direktè Patenarya ant Kominote a ak Distri a pou “Scholastic”, te bay lekòl la 590 liv kòm pati kanpay enstriksyon li a. NÒT EDITÈ A: Atachman Foto
Elèv nan Sant Aprantisaj Primè poze pou yon foto avèk “Cat in the Hat” (Chat nan Chapo) ak Sipèentandan Carvalho pandan Parad pou Selebre Aprann Li ak Ekri e Literati a.
Elèv nan Sant Aprantisaj Primè, “Cat in the Hat” (Chat nan Chapo) a ak Sipèentandan Carvalho rasanble ansanm pou yon “High Five” (bay lamen) apre Parad pou Selebre Aprann Li ak Ekri e Literati a.
### 10-JS/283/GC/RL
|