|
PWOGRAM “ROADTRIP NATION” AP TRAVAY AVÈK ELÈV MIAMI-DADE “Roadtrip Nation” (Wout Lavi) se yon seri pwogram televizyon piblik ak mouvman popilè ki ankouraje jèn moun pran lari pou al chèche fè entèvyou ak lidè ki te defini pwòp wout distenge yo nan lavi. Semèn sa a, Roadtrip Nation te kolabore ak 12 lekòl segondè lokal Miami-Dade e vwayaje al Homestead ak lekòl segondè American, kote elèv yo te rankontre ak vrè "roadies" (lidè roadtrip) e yo te pale sou avni ak aspirasyon yo. Roadtrip Nation ak M-DCPS ap ede gide elèv k ap patisipe yo atravè Eksperyans Roadtrip Nation, ki pral konkli nan pwòp vwayaj wout yo. Anba gidans pwofesè yo ak asistans Roadtrip Nation, elèv yo planifye yon vwayaj wout lokal, fè entèvyou ak lidè enspirasyonèl, e dokimante pwosesis la nan telechaje kontni medya a nan yon paj Entènèt kominotè. Estasyon televizyon piblik lokal WPBT ap patwone vwayaj wout elèv Lekòl Segondè Homestead. Patwonè vwayaj wout sa yo ap konkli ak yon depistaj espesyal avèk Roadtrip Nation ak WPBT e travay elèv Lekòl Segondè Homestead an prentan 2011. Objektif kourikoulòm eksperyans Roadtrip Nation genyen ladan ede elèv pou yo devlope ladrès nan kominikasyon entèpèsonèl ak entèraksyon an ti gwoup; devlope ladrès kapasite materyèl miltimedya; ak refleksyon ekri e vèbal. Sa ki pi enpòtan toujou, elèv yo ap vin detèmine e angaje plis sou enstriksyon ki baze sou pwojè. Yo ap difize Roadtrip Nation aktyèlman lè vandredi a 11:30 nan aprèmidi sou WPBT ak lòt lè adisyonèl lasemèn. Tcheke sou www.roadtripnation.org/WPBT pou lè adisyonèl yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte: Dtè. Lupe Ferran Diaz nan Lekòl Chwa ak Opsyon Paran, lupediaz@dadeschools.net oubyen Christina Mitchell nan christina@roadtripnation.com
### 10-JS/284/HD/SD
|