|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 12 novanm 2010 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
OFISYÈL FOUTBÒL MIAMI SELEBRE 31 CHANPYON EDIKASYON SEMÈN SA A
Anchènman lekòl segondè yo te chwazi tranteyen elèv lekòl mwayen kòm Chanpyon Edikasyon pou siksè yo nan toude nan salklas ak sou teren foutbòl, e aprè yo te ekri yon disètasyon konvenkan 100-mo sou "Poukisa se mwen ki dwe Champyon Edikasyon an." Elèv yo ap tounen kapitèn onorè pou pwòp ekip foutbòl nan lekòl segondè yo lè 16 ekip ap fè konpetisyon semèn sa a.
Rekonesans Chanpyon Edikasyon an se yon pwojè sèvis kominotè “Greater Miami Athletic Conference Football Officials Association (GMACFOA).” (Asosyasyon Ofisyèl Konferans Foutbòl Atletik Vil Miami) devlope.
Yo pral envite tout 31 chanpyon yo, ansanm ak paran yo, pou ale nan match la gratis, entwodui yo sou sistèm adrès piblik e yo pral patisipe nan jwèt anvan match la, nan voye peni anlè avèk Abit la e Kapitèn ekip yo. Chak chanpyon ap resevwa tou yon peni komemoratif ak yon balon ki gen otograf ekip lekòl segondè a. Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Joe Underwood, Prezidan GMACFOA, 305-649-9800, oubyen pa lèt elektwonik nan underwoodj@dadeschools.net; oubyen Karen Cohn nan kdcohn@dadeschools.net.
# # #
10-JS/285/HD/SD
NÒT EDITÈ A: Prezantasyon Match – Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes kont Lekòl Segondè American
Aswè a, a 4è nan aprèmidi, nan Milander Stadium, 4700 Palm Ave., Hialeah.
ofisyèl GMACFOA yo ap disponib nan evènman an.
(Orè konplè match yo atache atache “attached.”)
Retounen sou Nòt pou Laprès |