|
ELÈV 9YÈM ANE GAYAN KONPETISYON ISTWA ERITAJ ESPAYÒL LA GENYEN YON PRIM ‘FABULOSO’: YON VWAYAJ POU ESPAY Fondasyon “Spain Florida 500 Years” (Espay Florid 500 Ane) rezève yon prim trè espesyal pou gayan nivo lekòl segondè Konpetisyon Eritaj Istorik Espayòl; Andrea Villa, yon elèv 9yèm ane eskolè nan “International Studies Preparatory Academy (ISPA)” (Akademi Entènasyonal Etid Preparatwa), te resevwa yon bous etid de-semèn nan Espay pou ete ki ap vini an. Evènman an te fèt semèn pase nan Sant K-8 Coral Way, e se Fondasyon “Spain Florida 500 Years” ki te oganize l, an kolaborasyon avèk Konsil Jeneral Espay nan Miami ak Lekòl Leta Miami-Dade County. Nan konpetisyon an yo te rekonpanse elèv ki te travay byen nan istwa ak prezans Espay nan Florid lè l te yon koloni. Fondasyon an ap fè preparasyon pou 500yèm anivèsè debakman Eksploratè Espayòl Juan Ponce de Leon nan Florid an 1513 nan òganize yon seri aktivite ki aksantye sou eritaj Ispanik nan Florid ak Etazini. Gen enfòmasyon adisyonèl sou ISPA ki disponib nan http://ispa.dadeschools.net. ISPA ap ouvri avèk 9yèm ak 10yèm ane eskolè pou ane lekòl 2011-2012 la nan nouvo adrès li: 1570 Madruga Avenue nan Coral Gables, Florida Pou wè videyo konpetisyon an ak yon entèvyou avèk Andrea, klike sou lyen YouTube: www.youtube.com/user/SpainFLFoundation. ### 10-JS/288/HD/CM
|