POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 15 novanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SEREMONI PRESTASYON SÈMAN KOMISYON KONSÈY LEKÒL AK REYINYON ÒGANIZASYON

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County, Florid pral fè yon seremoni prestasyon sèman pou manm Komisyon Konsèy yo fèk eli ak re-eli yo a 10è madi 16 novanm 2010 nan bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la, 1450 N.E. Second Avenue, Miami, FL 33132.

Manm Komisyon Konsèy Lekòl ki gen pou prete sèman yo se:

            Doktè Dorothy Bendross-Mindingall, Distri 2
            Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Distri 4
            Madan Raquel A. Regalado, Distri 6
            Mesye Carlos L. Curbelo, Distri 7
            Doktè Marta Pérez, Distri 8

Yon reyinyon òganizasyon pou eli yon Chèmann ak Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la e pou apwouve orè reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl 2011 la ap fèt apre seremoni prestasyon sèman an.

###

10-JS/289/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès