POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 novanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DEPATMAN EDIKASYON ESPESYAL LEKÒL SEGONDÈ SOUTH MIAMI AP FÈ
2YÈM DANS ANYÈL “HOMECOMING” (RETOU NAN LEKÒL) LA 19 NOVANM

KIYÈS: 

Elèv Lekòl Segondè South Miami, “Best Buddies" (Pi Bon Zanmi) ak Depatman “Special Education (SPED)” (Edikasyon Espesyal)

KISA:

2yèm Dans Anyèl  “Homecoming” (Retou nan Lekòl) Lekòl Segondè South Miami

KILÈ: 

Vandredi 19 novanm 2010
9:30 dimaten – midi

KI KOTE: 

Royal Ballroom Banquet Hall
1405 S.W. 107th Avenue, Suite 212C
Miami, FL 33174

POUKISA:

Souvan yo izole elèv ki gen andikap entèlektyèl nan anpil klib lekòl segondè e nan aktivite sosyal. Òganizayon “Best Buddies” se sèl klib anndan lekòl la ki pèmèt elèv ki genyen e ki pa genyen andikap entèlektyèl pou fè zanmi youn lòt, enklizyon, sansibilizasyon, konpasyon ak konpreyansyon.

Òganizasyon “Best Buddies” ap prezante dans semi-fòmèl la epitou l ap gen yon fotograf e yon DJ. Yo espere genyen tou envite espesyal:  “Miss USA, Miss Teen USA” (Madmwazèl Bote Etazini, Madmwazèl Adolesan Bote Etazini) ak Verne Troyer yo konnen  pi byen sou non  "Mini Me" ki nan film “ Austin Powers”.

KONTAKTE:

Danny Lavandeira, Direktè Aktivite/UTD Steward, Lekòl Segondè South Miami, email: cobras@dadeschools.net oubyen 305-666-5871, ekt. 2291.

# # #

10-JS/291/HD/SD

 

Retounen sou Nòt pou Laprès