POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 6 desanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN DE DIREKTÈ M-DCPS GAYAN MEDAY LÒ PRIM “LEONARD MILLER PRINCIPAL LEADERSHIP”

Yo nonmen de direktè Lekòl Leta Miami-Dade, Roxana Herrara nan Lekòl Elemantè Palm Springs ak Doktè David Moore nan Lekòl Segondè Miami Southridge, gayan Prim Meday Lò 8yèm Anyèl Prim “Leonard Miller Principal Leadership”.  Konsèy pou Chanjaman Edikasyonèl patwone prim nan, e chak gayan te resevwa $5,000.

Prim nan onore defen Leonard Miller, yon defansè renome pou edikasyon.  Msye. Miller se te fondatè Konsèy la e ansyen chèmann òganizasyon ki predesede li a, “South Florida Annenberg Challenge”.  Prim nan rekonèt kapasite direksyon lekòl egzanplè nan twa domèn: akonplisman elèv, patisipasyon paran/kominote, ak ranfòsman kapasite pou dirije lekòl.

Herrera ak Moore te de nan twa finalis pou gran pri $10,000 a, kote se Todd Simpson, direktè lekòl Elemantè Reyonolds Lane nan Duval County ki resevwa premye prim sa a.

Patwonè prim nan se: Akerman Senterfitt, Baptist Health South Florida, Carnival Cruise Lines, Fondasyon Fanmi Cobb, Edward W. Easton, Richard ak Susan Finkelstein, ak Fondasyon Lennar.

 

###

10-JS/292/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès