POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 novanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV NAN AKADEMI FINANS LEKÒL SEGONDÈ GOLEMAN PRAL DIRIJE BRANCH ‘SWAMP’ “SOUTH FLORIDA EDUCATIONAL FEDERAL CREDIT UNION” 

Elèv ki anwole nan pwogram Akademi Nasyonal Fondasyon Finans Lekòl Segondè Barbara Goleman pral fè yon nouvo eksperyans demen – nan aplike sa yo te aprann nan klas, nan yon biznis reyèl nan lekòl la.  Yo pral opere SWAMP Credit Union, yon branch nan “South Florida Educational Federal Credit Union (SFEFCU)” (Koperativ Edikasyonèl Federal Sid Florid) la, pou yo bay elèv ak anplwaye sèvis.  Lekòl la lokalize nan 14100 N.W. 89 Avenue, Miami Lakes, FL 33018. 

Biwo santral SFEFCU a nan Miami-Dade County e li sèvi edikatè, elèv ak fanmi Lekòl Leta Miami-Dade County ak Kolèj Miami-Dade.

Pwogram nan fèt pou bay bonjan fòmasyon pou lavi nan finans debaz, devlope konsyantizasyon sou karyè ak ladrès preparasyon, e li enfliyanse pozitivman reyalizasyon akademik elèv.  Se elèv ki pral travay nan branch la e li fèt pou l reponn a bezwen finansye anplwaye lekòl la ak asosyasyon elèv yo.  Benefis pwogram sa a gen de aspè: elev yo vin edike nan domèn finans, e yo gen eksperyans travay ki reyèl.

Sendika Kredi             SWAMP la ap ouvè pou biznis lendi e vandredi soti 11:40 dimaten rive 2:30 nan aprèmidi.  Elèv k ap travay nan bank yo, anba sipèvizyon yon reprezantan SFEFCU, ap kapab fè depo ak retrè, ouvè kont epay ak kont kouran, bay kat kado AMEX ak tikè pou sinema, e reponn kesyon ki gen rapò ak finans.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Soley C. Gonzalez, Relasyon Kominotè nan 305.270.6696 oubyen soley.gonzalez@sfefcu.org; oubyen Dtè. Lupe Ferran Diaz, Chwa Lekòl ak Opsyon Paran, nan 305-995-1922 oubyen lupediaz@dadeschools.net.
  

###

10-JS/294/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès