POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 18 novanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

POUSANTAJ GRADYASYON NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AMELYORE ANPIL

Pousantaj gradyasyon nan Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te ogmante prèske kat pwen pousantaj rive 72.1 pousan nan ane akademik 2009-2010 la.  Sa a se pi gwo pousantaj gradyasyon M-DCPS te reyalize depi Depatman Edikasyon Florid te kòmanse suiv estatistik gradyasyon yo avèk metòd modèn nan fen ane 1990 yo.  Pousantaj amelyorasyon Distri a pou ane a depase pousantaj tout eta a.

Sipèentandan lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Sa a se reyèlman yon gwo pa nan bon direksyon … Rezilta yo se yon konbinezon ekspètiz ansèyman ak direksyon lekòl ki solid.  Devlopman pozitif sa a konplete ogmantasyon nan akonplisman elèv yo ki te vizib nan kòmansman ane sa a atravè pi gwo nòt FCAT ak nòt ‘National Assessment of Educational Progress (NAEP)’ (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl), kote elèv nou yo te depase kamarad yo nan tout lòt gwo zòn iben yo… Gwo ogmantasyon nan pousantaj gradyasyon sa a se yon akonplisman enpòtan ki merite yon selebrasyon kominotè.”

Amelyorasyon nan pousantaj gradyasyon distri a te vin posib avèk yon plan detaye pou adrese nouvo estanda responsablite lekòl segondè yo.  Yo te mete kou retablisman kredi sou Entènèt pou asire elèv yo fè devwa ratrapaj yo te bezwen fè.  Peryòd adisyonèl nan jounen lekòl la te ofri elèv yo opòtinite pou yo pran kou avanse e ratrape kredi.  Yo te fè devlopman pwofesyonèl pou konseye lekòl segondè yo ede elèv ratrape kredi yo te bezwen.  Byen bonè distri a te mete plis atansyon sou enpòtans gradyasyon kòmanse avèk lekòl mwayen, pou fasilite tranzisyon elèv yo nan lekòl segondè.  Anplisdesa, yo te ofri elèv yo yon pwogram lekòl ete konpreyansif ki ba yo opòtinite pou yo ratrape devwa yo.

###

10-JJS/297/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès