|
PREMYÈ DAM MICHELLE OBAMA VIZITE LEKÒL ELEMANTÈ RIVERSIDE POU LI LANSE INISYATIV MANJE KI BON POU LASANTE MIAMI – Premyè Dam Michelle Obama te vizite Lekòl Elemantè Riverside yè pou l lanse inisyativ ba salad “Let’s Move!” (Ann Avanse!). Inisyativ la pral mete ba salad nan 6,000 lekòl atravè peyi a. Lekòl Elemantè Riverside te resevwa premye ba salad kanpay la.
Premyè Dam nan te diskite chwa manje ki bon pou lasante avèk elèv yo e li te rankontre ak selebrite chèf lokal ak Patnè Chèf distri a Kris Wessel, Michelle Bernstein, Michael Schwartz, Frank Jeannetti ak Ken Lyon. Timoun yo aprann tou fason pou fè yon salad ki bon pou lasante. Inisyativ ba salad la sipòte kanpay “Let’s Move!” Obama a, ki ap konbat obezite lakay timoun atravè pwomosyon manje ki bon pou lasante ak aktivite fizik. Direktè Manje ak Nitrisyon Penny Parham di, “Miami-Dade vrèman devan nan règ manje ansante ak byennèt… Se pa tout kote sante, nitrisyon ak aktivite fizik se yon priyorite.” Lekòl Leta Miami-Dade County genyen yon istwa long nan lit kont obezite lakay timoun. Senkan desa, Distri lekòl la te retire soda ak fridòdòy ki gen anpil kalori ak sik nan machin vant yo ansanm ak ofri chwa manje ki bon pou lasante nan kafeterya yo.
### 10-JJS/298/DF/RL
|