POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 24 novanm 2010 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO IDANTIFYE SENK LEKÒL MIAMI-DADE KÒM LEKÒL DISTENGE “TITLE I” FLORID POU ANE 2009-2010 LA

MIAMI – Senk lekòl Miami-Dade pami uit lekòl Depatman Edikasyon Florid rekonèt kòm Lekòl Distenge “Title I” Florid pou ane 2009-2010 la.  Florid genyen 1,801 lekòl “Title I”.

Lekòl yo se Mater Academy East Charter, Lekòl Elemantè Ernest R Graham, Lekòl Elemantè Twin Lakes, Mater Academy ak Lekòl Elemantè Seminole.

Yo ap rekonèt kat premye lekòl yo paske yo se lekòl “Title I” pou senk dènye ane yo, ki fè “Adequate Yearly Progress (AYP)” (Pwogrè Adekwat Anyèl) pou senk dènye ane yo, ki fè nòt “A” pou twa dènye ane yo, ki nan kondisyon zero “school in need of improvement (SINI)” (lekòl ki bezwen amelyorasyon) pou 2010-2011, e ki gen yon “free and reduced-price lunch (FRPL)” (repa-midi gratis e nan pri redui) 78 a 87 pousan.

Yo te chwazi Lekòl Elemantè Seminole paske li te fèmen eka akonplisman nan lekti ak matematik pou elèv FRLP ak Moun K ap Aprann Anglè ak yon ogmantasyon pwen total 23 ant ane lekòl  2008-2009 ak 2009-2010 yo.

Prim Lekòl Distenge “Title I” Florid la rekonèt Lekòl “Title I” ki fè pi gwo pwogrè nan kenbe gwo nivo akonplisman akademik ak fèmen eka akonplisman pou elèv nan sou-gwoup “No Child Left Behind” (Okenn Timoun Pap Ret Dèyè) yo.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Doktè Magaly C. Abrahante, Asistan Sipèentandan, Administrasyon “Title I”, nan 305-995-1253

 

###

10-JS/299/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès