|
EXXON MOBIL REKONÈT ELÈV M-DCPS MIAMI – De elèv lekòl segondè M-DCPS te resewva resamman prim 2010 “Hispanic Heritage Youth Awards in Engineering and Mathematics” (Prim Jèn Eritaj Ispanik nan Jeni e Matematik) Kòporasyon Exxon Mobil ak Fondasyon Eritaj Ispanik patwone. highlight Yo te nonmen Kevin Lemus, yon elèv nan lekòl segondè John A. Ferguson, gayan Meday Ajan an e li te resevwa yon bous pou yon montan $2,000. Yo te nonmen Sophia Utset-Ward, yon elèv nan Lekòl pou Etid Avanse – nan Kanpous Wolfson, gayan Meday Bwonz la e yo te honore li ak yon don $1,000 pou edikasyon. Pwogram Prim 2010 Jèn Eritaj Ispanik la ofri don edikasyon bay elèv lekòl segondè Ispanik nan 10 rejyon: Chicago, Dallas, Houston, Los Angeles, Miami, New York, Phoenix, San Antonio, zòn nò California, ak Washington, DC. Elèv nan chak rejyon resevwa prim nan domèn sa yo: Jeni e Matematik, Biznis, Edikasyon, Jounalis, Dirijan ak Espò. Komite rejyonal la chwazi benefisyè prim yo, baze sou reyisit akademik, sèvis kominotè, ak yon disètasyon sou enpòtans eritaj yo jwe nan siksè yo. Yo te anonse prim yo nan yon seremoni espesyal ki te fèt nan Inivèsite Florida International. ### 10-JS/ 301/TC/SD
|