POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 3 desanm 2010     

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

PWOGRAM PATENARYA AKTIVITE FÒMASYON CHÈF KUIZIN AVÈK M-DCPS

KIYÈS: 

Chèf Kuizin selèb Michelle Bernstein ak Kris Wessel, anplwaye sèvis manje ak elèv ar kilinè ki soti nan Lekòl Segondè Miami Edison.  

KISA:

Chèf Kuizin Bernstein ak Chèf Kuizin Wessel pral travay avèk anplwaye sèvis manje ak elèv ar kilinè lekòl la pou kreye yon desè yo pral teste nan lekòl yo e prezante yo nan meni restoran yo, “Michy’s” ak “Red Light.”

KILÈ: 

Lendi 6 desanm 2010
9:30 – 11:00 dimaten

KI KOTE: 

Miami Edison Senior High School Cafeteria
6161 NW 5 Court
Miami, Florida 33127

POUKISA:

Rezon yo fè Pwogram Patenarya Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) la se pou asosye chèf kuizin lokal selèb, Michelle Bernstein, Kris Wessel, Ken Lyon ak Frank Jeannetti, avèk lekòl ki nan menm zòn avèk restoran yo e/oubyen lekòl Chèf Kuizin sa yo kapab gen yon koneksyon dirèk avèk yo.  Enplike elèv ak anplwaye nan ladrès kilinè, preparasyon manje e elaji konesans sou manje se etap enpòtan pou amelyore abitid manje e ogmante patisipasyon nan repa yo atravè yon apwòch tounèf nan sèvis manje lekòl yo.  Chèf kuizin yo travay avèk anplwaye sèvis manje nan lekòl yo chak mwa.

Aktivite pou mwa sa a se kreye yon desè yo ka prezante sou meni restoran yo, ki aksantye sou pwogram Patenarya Chèf Kuizin yo.  Se pral premye fwa elèv Ar Kilinè ki soti nan Lekòl Segondè Miami Edison pral patisipe nan aktivite sa a.  

KONTAKTE:
Penny Parham, Depatman Manje ak Nitrisyon, nan 786-275-0400 oubyen penny@dadeschools.net.

# # #

10-JJS/302/VVL/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès