POUKISA: |
Rezon yo fè Pwogram Patenarya Chèf kuizin M-DCPS la se pou asosye Chèf kuizin lokal selèb, Michelle Bernstein, Kris Wessel, Ken Lyon, ak Frank Jeannetti avèk lekòl ki nan menm zòn avèk restoran respektif yo e/oubyen kote lekòl chèf kuizin sa yo gen yon koneksyon dirèk. Enplike elèv ak anplwaye nan ladrès ar kilinè, e elaji konesans sou manje se etap enpòtan pou amelyore abitid manje e ogmante patisipasyon nan repa yo atravè yon apwòch tounèf nan sèvis manje lekòl. Chèf kuizin yo travay avèk anplwaye sèvis manje nan lekòl yo chak mwa.
Aktivite pou mwa sa a se kreye yon desè elèv yo pral teste nan lekòl la pou yo ka mete li nan meni an alavni.
|