POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 desanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOGRAM “ANGEL TREE” M-DCPS 2010 LA AP PRAN FÒS

Sa ki te kòmanse uitan desa kòm yon lide pandan repa-midi yon depatman Lekòl Miami-Dade – pou kreye yon Nwèl espesyal pou 50 adolesan ki san kay nan yon lekòl, grandi pou l rive pwogram “Angel Tree” (Tablo Zanj) Distri a ki kouvri plis pase 800 elèv nan 26 lekòl.

Yon lide de anplwaye Capital Construction Budgets & Controls, “Angel Tree” san parèy paske li pa yon kanpay pou kolekte jwèt.  Patisipan yo resevwa non, laj ak non lekòl yon timoun yo vle “adopte” epi yo ale achte yon kado espesyalman pou “zanj” yo a.  Yo kapab ekri yon nòt pou timoun nan si yo vle, e yo mande yo siyen etikèt kado yo.  Yo ka depoze kado yo vlope oubyen san vlope nan biwo Capital Construction an, ki pral livre yo nan lekòl k ap patisipe yo.

Selon Isora Castro, Direktè Distri Capital Construction, Distri a gen plis pase 190 lekòl elemantè avèk timoun ki ka pa resevwa yon kado pou Nwèl.  Sepandan, li swete kenbe elan an vivan.

Castro di, “Bi final nou se touche chak timoun ki nan bezwen nan chak lekòl elemantè nou yo… Tout sa nou vle pou Nwèl se genyen yon kado pou zanj nou yo.”

Pwogram “Angel Tree” Ane sa a ap fini lendi 13 desanm.  Nenpòt moun ki vle adopte yon elèv dwe kontakte Rusty Ball nan 305-995-4508 oubyen pa lèt elektwonik nan Rball2@dadeschools.net; oubyen Rena Ragin nan 305-995-4880 oubyen pa lèt elektwonik nan RaginR@dadeschools.net.  Yo ap kolekte kado yo nan Sal P103 nan ansyen pakin Jefferson nan, 155 N.E. 15th Street, anfas Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la.

###

10-JS/303/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès