POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 7 desanm 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO PIBLIYE NÒT PÈFÒMANS LEKÒL SEGONDÈ, GWO PWOGRÈ POU LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY (M-DCPS)

MIAMI – An jeneral, lekòl segondè leta Miami-Dade fè gwo pwogrè nan “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid), ki abouti nan ogmantasyon ki vizib nan nòt pèfòmans lekòl segondè, selon enfòmasyon Depatman Edikasyon Florid pibliye. Pi gwo pwogrè a soti nan Lekòl Segondè Miami Edison ak Miami Central. Edison ak Central, de lekòl ki te resevwa yon kantite “F” pandan plizyè ane resevwa yon nòt Pèfòmans “C.”  Sa se pi gwo nòt lekòl yo resevwa depi yo te kreye pwogram Nòt Pèfòmans Lekòl la sa gen plis pase dizan.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho di, “Rezilta ekselan sa yo se te travay renmen yon kolonn moun… Se vrèman yon akonplisman pou lekòl ki dezan desa te fè fas ak sanksyon, oubyen menm fèmti Eta a. Pwofesè, administrasyon, paran, ak kominote Edison ak Central te rankontre ansanm nan yon fason dinamik pou benefisye elèv nou yo, e yo gen bonjan rezon pou yo selebre.” 

Pou lòt rezilta yo, yon tyè nan 64 lekòl segondè Distri a ki te resevwa yon Nòt Pèfòmans Lekòl, te resevwa yon nòt “A.” Nan Miami-Dade County 34 pousan lekòl segondè te resevwa yon “A”; Atravè tout eta a, sèlman 30 pousan te resevwa nòt sa a. Plis pase mwatye lekòl segondè M-DCPS yo – 59 pousan – te resevwa swa yon “A” oubyen yon “B.” Anplis, nèf sou dis lekòl “Differentiated Accountability (DA)” (lekòl ki pa fè bon nòt) Distri a, ki gen ladan Miami Edison, te amelyore oubyen te kenbe an 2010 menm nòt lekòl segondè yo te fè an 2009 la. Nòt pèfòmans lekòl segondè Miami Central, Miami Jackson, Miami Northwestern, ak Miami Southridge te amelyore, pandan nòt lekòl segondè Homestead, Miami Carol City, Miami Norland, ak North Miami te rete menm jan.

Cavalho di, “Metodoloji pou bay lekòl segondè yo nòt te chanje ane sa a, e distri lekòl nou an te reponn… Rezilta sa yo montre dirèkteman efò n ap fè pou n prepare elèv pou edikasyon apre lekòl segondè ak mond travay la.”  

 

###

10-JS/305/TR/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès