LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK FEDERASYON AMERIKEN POU ETA, COUNTY, E ANPLWAYE MINISIPAL JWENN YON ANTANT PWOVIZWA MIAMI - Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) ak “American Federation of State, County, and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken pou Eta, County, ak Minisipal), Lokal 1184 jwenn yon antant pwovizwa jodi a kote yo pral bay yon ogmantasyon salè yon pousan pou tout anplwaye inite negosyasyon ki gen ladan chofè otobis, netwayè, anplwaye mentnans, ak travayè kafeterya. Anplwaye dis ak douz mwa ap resevwa yon ogmantasyon salè Yon Fwa ki egal ak yon pousan salè debaz anplwaye a. Nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl mèkredi a, Sipèentandan Carvalho te pale sou kantite fwa anplwaye AFSCME te apwoche l pou mande l pwoteje travay yo ak asirans sante yo. Carvalho di pandan li ap konplimante Prezidan AFSCME Sherman Henry, “Ou pran bon desizyon pou manm sendika w yo.” Komisyon Konsèy Lekòl la dwe apwouve antant la nan pwochen reyinyon li a 12 janvye 2011 pouvi manm AFSCME yo ratifye li anvan dat sa a. Antant pwovizwa a reprezante yon pake konpansasyon konplè ki gen ladan asirans sante, ki kenbe yon opsyon asirans sante gratis pou anplwaye yo. Nòt Editè a: Atachman Foto Sipèentandan Alberto M. Carvalho (adwat) ap konplimante Prezidan AFSCME Sherman Henry (agoch) pandan Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Vis Prezidan AFSCME Vicky Hall, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Doktè Larry Feldman (jiska goch) ak manm sendika ap gade. # # # 010-JJS/309/TR/RL |