POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 10 janvye 2011            

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

BARNES & NOBLE AP DISTRIBYE LIV YO BAY NAN LEKÒL ELEMANTÈ BENJAMIN FRANKLIN 11 JANVYE

KIYÈS: 

Barnes & Noble, Depatman Sèvis Bibliyotèk Medya Distri a, elèv, anplwaye lekòl, paran ak lòt manm kominotè

KISA:
Barnes & Noble Ap Distribye Liv Li Kolekte nan Sezon Fèt la
KILÈ: 

Madi 11 janvye
9è dimaten

KI KOTE: 

Benjamin Franklin Elementary School
13100 N.W. 12th Avenue
North Miami, FL 33168

POUKISA:

Barnes & Nobles te fòme patenarya avèk Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan Pwogram Distribisyon Liv nan Sezon Fèt la.  Koleksyon Liv nan Sezon Fèt la se yon pwogram anyèl ki ankouraje kliyan Barnes & Noble pou yo achte yon liv pou bay yon lekòl leta nan zòn nan.  Pwogram sa a reprezante angajman Barnes & Noble nan lekti ak ekriti e kontinyasyon patenarya li avèk MDCPS e sipò l ap bay lekòl nou yo.      

 

 

# # #

11-JS/002/GC/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès