POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 10 janvye 2011            

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS LANSE KANPAY “LET’S MOVE!” MIAMI AN

Elèv yo pwomèt pou fè aktivite pou 60 minit chak jou, 5 jou pa semen 

MIAMI – Kòmanse jodi a pou sis pwochen semèn yo, yo mande tout biznis, kòporasyon, kolèj ak inivèsite, e òganizasyon pou mete ak elèv e anplwaye lekòl leta Miami-Dade pou yo patisipe nan Kanpay “Let’s Move! (Ann Bouje!) Premye Dam Michelle Obama a.  Pandan yo mande elèv pou yo rete fizikman aktif pandan 60 minit pa jou, 5 jou pa semèn, adilt yo bezwen sèlman 30 minit.  Inisyativ la kòmanse 10 janvye e l ap fini 22 fevriye.

Mwa pase, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te lanse kanpay “Let’s Move! Miami” an, avèk Depatman Sante Miami-Dade County, pandan prezantasyon nan mitan match Miami Dolphins la.  Li mande chak elèv ak anplwaye pou yo vin aktif fizikman pou peryòd 6 semèn nan e pou yo anrejistre aktivite yo nan jounal “President’s Active Lifestyle” (Estil Lavi Aktif Prezidan an).   

Moun ka anrejistre aktivite yo sou paj Entènèt Prim “President’s Active Lifestyle” la oubyen nan yon jounal ekri.  Pou enskri aktivite ou ale sou:
www.presidentschallenge.org/challenge/active/index.shtml  
http://.www.presidentschallenge.org/challenge/active/index.shtml

 Yo te lanse kanpay “Let’s Move!” Premye Dam nan an fevriye 2010 an patenarya avèk USDA, Depatman Sante Etazini ak Sèvis Imen, Konsèy Prezidan an sou Aptitid Sante Fizik, Espò ak Nitrisyon ak lòt manm Gwoup Travay Mezon Blanch sou Obezite Timoun.  Inisyativ la kiltive apresyasyon pou manje ki nourisan e enspire timoun ak adilt pou yo patisipe nan aktivite fizik.  Li bay paran ak moun k ap bay swen yo responsablite nan souliye wòl yo nan fè chwa ki bon pou sante timoun yo e aksantye sou enpòtans pou yo gen aksè a manje ki nourisan nan lekòl ak kominote yo.

Pou plis enfòmasyon sou fason pou patisipe, kontakte Dtè. Jayne Greenberg, Direktè Egzekitif, Edikasyon Fizik ak Enstriksyon sou Sante, Lekòl Leta Miami-Dade County nan 305-995-1963.

ATACHMAN FOTO:

Let's Move

Elèv nan prezantasyon mitan match Miami Dolphins la ki ap patisipe nan lansman kanpay “Let’s Move!” Miami an.

 

###

11-JS/003/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès