POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 11 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SANT K-8 FRANK C. MARTIN AP PREZANTE PARAD ‘DRUM MAJORS FOR PEACE’ POU FÈT DTÈ. MARTIN LUTHER KING, JR. 12 JANVYE

Sant Frank C. Martin K-8 pral prezante fanfa nan lekòl Elemantè Richmond Heights ak Arthur & Polly Mays demen a 8:45 dimaten nan yon selebrasyon lekòl e atravè kominote a ki rele, “Drum Majors for Peace” (Etidyan Tanbou pou Lapè), pou onore Dtè. Martin Luther King, Jr.  Apeprè 1,200 patisipan pral mache nan yon parad atravè tout lekòl la avèk yon pwogram ki santre sou elèv sou teren edikasyon fizik la.  Pwogram nan ap gen ladan diskou, chante, animasyon ak dans.

Direktris Pamela F. Brown te vle asire elèv li yo familye ak eritaj efò imanitè Dtè. King, ak vizyon li pou moun k ap viv, jwe e travay ansanm nan yon mond ki gen plis lapè.  Elèv li yo te inisye yon pwojè sèvis kominotè pou kolekte e distribye atik pou twalèt nan plizyè abri pou moun ki san kay nan zòn Homestead la.

Kòm yon lekòl Bakaloreya Entènasyonal, filozofi lekòl la reflete anpil nan objektif Dtè. King yo: devlope sitwayen ki rekonèt imanite yo gen an komen an, ki gen lespri ouvè, ki sansib, ki gen prensip e ki fè efò pou yo kreye yon mond ki meyè e ki gen plis lapè.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Direktris Brown nan 305-238-3688.

 

###

11-JS/004/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès