POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL ELEMANTÈ MAGNÈT MIZE W.J. BRYAN RESEVWA
DON LOWE POU PWOJÈ RESTORASYON FONTÈN ISTORIK

Lekòl Elemantè  W. J. Bryan resevwa yon don $4,850 pou “Toolbox for Education” nan men Fondasyon Edikasyonèl ak Charitab Lowe pou restorasyon yon fontèn ak basen “Works Progress Administration (WPA)” (Administrasyon Pwogrè Travay) nan mitan lakou yo a.

Lekòl Elemantè Bryan se youn nan plis pase 450 lekòl ki gen pou resevwa don Lowe pou pwojè amelyorasyon lekòl paran inisye pou benefisye edikasyon piblik pou klas jadendanfan rive 12yèm ane eskolè atravè Etazini.

Yo ap restore Fontèn WPA a avèk yon basen nan mitan li pou l vin bèl tankou anvan, ansanm ak plant akwatik e pwason twopikal li yo. L ap sèvi kòm yon lòt salklas pou elèv k ap etidye sistèm ekolojik. Elèv twazyèm ak katriyèm ane eskolè, k ap etidye istwa lekòl la, pral obsève, dokimante, e patisipe aktivman nan pwosesis restorasyon an, ki gen pou fini an me 2011.

 

###

11-JS/005/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès