POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 janvye 2011 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

FONDASYON “POSSE”  AKÒDE TRANNDE ELÈV SEGONDÈ
LEKÒL LETA MIAMI-DADE BOUS ETID 4-AN

Fondasyon Posse chwazi trannde elèv segondè lekòl leta Miami-Dade pami 900 kandida yo te nonmen pou resevwa prède $4.5 milyon dola nan katran, pou prim bous etid konplè ak prim lidè pou ale nan Hamilton College, Mount Holyoke College ak University of Pennsylvania, ann otòn pwochen.  Yo te fè seremoni prim pou onore elèv yo nan Marriott J.W. Hotel nan Brickell Avenue.

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho, yon gwo sipòtè fondasyon Posse  ak “2010 Community Star honoree” (Etwal Kominotè yo te onore pou 2010) la, te delivre diskou pou adrese benefisyè bous yo ak envite yo.  Ak sipò li, Distri a ak Depatman Edikasyon Florid, ak pwogram Posse te sekirize 100 pousan patisipasyon nan Lekòl Leta Miami-Dade yo, nan dènye de ane yo.

Yo te chwazi elèv yo sou baz potansyèl akademik e abilite pou yo vin lidè.  Sa k ap suiv la se yon lis tout elèv yo, “senior high schools (SHS)” (Lekòl Segondè) yo ak kolèj oubyen inivèsite yo prale yo.

HAMILTON COLLEGE


Anthony Jackson, Coral Reef SHS

Christopher Labora, Design & Architecture SHS

Ines Santana, North Miami Beach SHS

Jorett Joseph, North Miami Beach SHS

Jose Vazquez, Academy for Adv. Academics

Kassandra Zaila, American SHS

Kevin Kim, School for Advanced Studies-So.

Sahyli Febles, Southwest Miami SHS

Sean Smith, Robert Morgan Educational Center

Teresa Viteri, Coral Gables SHS

MOUNT HOLYOKE COLLEGE


Ariadna Rodriguez, G. Holmes Braddock SHS

Dominique Mortimer, Coral Reef SHS

Grether Barbon, G. Holmes Braddock SHS

Kimberlyn Fong, Miami Palmetto SHS

Kala Jones, School for Advanced Studies-No.

Maria Sellanes, North Miami Beach SHS

Marielena Lima, Miami Coral Park SHS

Niani Tolbert, School for Advanced Studies-No.

Shani Mensing, Miami Beach SHS   

Sharon Matamoros, MAST Academy

Stephanie Maitre, New World School of the Arts

 

UNIVERSITY OF PENNSYLVANIA


Adrian Lievano, Coral Reef SHS

Alexander Rafi, Design & Architecture SHS

Alex-Sandra Del Canal, School for Advanced Studies

Bryan Cam, North Miami Beach SHS

Daniel Brooks, Miami Palmetto SHS

Ernesto Arrocha, Academy for Adv. Academics

Melanie White, Miami SHS   

Melissa Espinal, North Miami Beach SHS

Nathalie Figueroa, Coral Reef SHS

Rolando Lyles, School for Advanced Studies-No.

Tan Chan, Barbara Goleman SHS

 

Fondasyon Posse ki te fonde an 1989, rekrite e fòme jèn eksepsyonèl ki soti nan lekòl segondè iben yo e voye yo nan kolèj ak inivèsite yo fè patenarya ak yo kòm pati nan ekip soutyen, miltikiltirèl—oubyen “Posses”—(Gwoup) ki gen 10 elèv.

 

###

11-JS/006/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès