POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 janvye 2011       

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS AP FÈ FÒMASYON ÒDINATÈ LINK AK EVÈNMAN DISTRIBISYON NAN
LEKÒL ELEMANTÈ FREDERICK DOUGLASS

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Ofisye Don Federal Emy Tseng, anplwaye Depatman Kòmès Etazini, administratè, pwofesè, elèv ak paran
KISA:
Fòmasyon Òdinatè LINK ak Distribisyon
KILÈ: 

Jedi 20 janvye 2011, 4è pou 6:30 diswa

KI KOTE: 

Frederick Douglass Elementary School
314 NW 12 Street
Miami, FL 33136         

POUKISA:

Atravè evènman de-jou a, yo pral distribye 150 òdinatè yo renove bay paran Lekòl Elemantè Frederick Douglass atravè pwogram LINK (Learn Ideas, Navigate Knowledge) [Aprann Lide, Navige Konesans] Lekòl Leta Miami-Dade County a.  LINK ap travay avèk 35 lekòl “Differentiated Accountability (DA)” (Ki Pa Pèfòme Byen) depi nan kòmansman ane eskolè 2010-2011 la pou ofri fòmasyon debaz sou dijital ak kanpay enfòmasyon pou ogmante konesans sou rapò transmisyon frekans wo genyen nan lavi moun chak jou.  Pandan don federal dezan sa a, pwogram LINK la pral ofri jiska 6,000 elèv elijib yon òdinatè pou $25 ak sèvis Entènèt frekans wo gratis pou ennan.

Pou plis enfòmasyon, vizite http://www2.ntia.doc.gov/

 

 

# # #

11-JS/008/DF/RL

 

Retounen sou Nòt pou Laprès