|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 14 janvye 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
M-DCPS KÒMANSE 3YÈM AKADEMI SIKSÈ INOVATIF, REMAKAB JOU SAMDI
MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County komanse twazyèm ane Akademi Siksè remakab li
a, yon pwogram klas entansif, ki chita sou done, jou Samdi pou elèv nan lekòl
“Differentiated Accountability (DA)” (ki Bezwen Sipò) yo Seleksyone nan Distri a an
preparasyon pou “Florida Comprehensive Assesment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon
Konpreyansif Florid).
Akademi Siksè a, ki gen 13 sesyon twazèdtan ki aksantye sou aktivite redresman ak
anrichisman nan lekti, matematik, syans ak redaksyon, te gen yon istwa siksè ki fyab nan ane
ki sot pase yo. Elèv yo resevwa dejne, ti goute, ak transpòtasyon atravè pwogram nan.
Trèz sesyon yo ki kòmanse a 9è dimaten pou rive midi, te kòmanse 8 janvye nan majorite
lekòl yo, e y ap mete yo disponib pou maksimòm elèv posib nan nivo elemantè, mwayen ak
segondè. Dat sesyon yo genyen: 8, 15, 22 e 29 janvye; 5, 12 e 19 fevriye; 5, 12 e 26
mas; ak 2 e 9 avril.
Siksè Akademi an jwenn finansman atravè plizyè don yo bay Lekòl Leta Miami-Dade
County e li pa koute paran yo anyen.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Maria de Armas, Asistan Sipèentandan, k-12
Kourikoulòm Debaz, nan 305-995-4202.
###
11-JS/010/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |