POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

EKSPOZISYON ELÈV POU MONTRE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH, 20 JAN

Lekòl Leta Miami-Dade County, nan yon kolaborasyon tèt ansanm ak Vil Miami Beach, pral fè Ekspozisyon anyèl Elèv Miami Beach li a jedi 20 janvye 2011, kòmanse a 4è nan aprèmidi rive 7:30 diswa pou montre lekòl leta vil la ak pwogram yo.  Ekspozisyon sa a ap fèt nan Lekòl Segondè Miami Beach ki lokalize nan 2231 Prairie Avenue, Miami Beach, FL 33139.
 
Ekspozisyon an ap gen ladan pèfòmans elèv, galeri ar elèv ak yon fwa kourikoulòm.  Li ap ofri elèv Miami Beach yo ak fanmi yo tou enfòmasyon sou Bakaloreya Entènasyonal, Pòtal Paran, Sekirite Lekòl, Sante ak Byennèt e sèvis Vil Miami Beach founi.
 
Pou plis enfòmasyon, kontakte Lubby Navarro, Direktris, Biwo Afè Gouvènmantal, Administrasyon Bous, e Angajman Kominotè, nan 305-995-4240.

 

###

11-JS011/HD/CF

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès