POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 19 janvye 2011         

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL ÒGANIZE 2YÈM JOUNEN ANYÈL SANTE AK BYENNÈT

KIYÈS: 
Administratè sèvis manje Depatman Manje ak Nitrisyon Lekòl Leta Miami-Dade County, asistan administratè ak asistan satelit yo, elèv ak sitwayen ki enterese
KISA:
2yèm Jounen Anyèl Sante ak Byennèt
KILÈ: 

Vandredi 21 janvye 8:15 dimaten – 2:30 nan aprèmidi
Farmer’s Market ouvè a midi – 2:00 nan aprèmidi  

KI KOTE: 

Oditoryòm ak kafeterya North Miami Senior High School
13110 NE 8 Avenue
North Miami, FL 33161

POUKISA:

2yèm Jounen Anyèl Sante ak Byennèt Lekòl Leta Miami-Dade County a, se Depatman Manje ak Nitrisyon ki òganize li pou edike e ranfòse  enpòtans sante pèsonèl, chwa estil lavi ki bon pou lasante e souliye Inisyativ “Farm to School and Wellness” (jaden, lekòl ak byennèt) Distri a pou anplwaye sèvis manje yo.  Aktivite a ap gen ladan oratè ki ap trete sijè tankou règleman Distri a sou Byennèt, kijan pou redui danje maladi kè, jesyon estrès ak prensip pou fè manje ki bon pou lasante.  A midi, y ap sèvi yon repa Patnè Chef Kuizin Selèb Distri a enspire.  Ap gen tou yon fwa sou sante e premye Mache Fèmye sou yon kanpous lekòl ki ap prezante pwodui pou vann ki tou fre, yo kiltive lokalman.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Penny Parham, Depatman Manje ak Nitrisyon, nan 786-275-0400 oubyen penny@dadeschools.net.

 

 

# # #

11-JS/012/DF/CM

 

Retounen sou Nòt pou Laprès