|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 20 janvye 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY PRAL ÒGANIZE YON EKSPOZISYON EKSTRAWÒDINÈ NAN SYANS, TEKNOLOJI, JENI, MATEMATIK, 22 JANVYE
Nouvèl espesyal nan edikasyon! Yon gwoup plis pase 2,000 patisipan ki gen ladan elèv,
paran, pwofesè, patnè endistri ak inivèsite gen pou patisipe nan Ekspozisyon Anyèl Syans,
Teknoloji, Jeni ak Matematik (STEM) Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan
samdi 22 janvye, kòmanse 8:45 dimaten. Ekspozisyon konpetisyon yo ap fèt nan Konplèks
Syans Kolèj Miami Dade North Campus, 11380 N.W. 27th Avenue, Miami FL
33167.
Ekspozisyon ane sa a pral pi gwo pase sa ki te konn fèt avan yo paske li ap anglobe twa
fwa: konpetisyon fwa lekòl Elemantè, Rejyonal, ak SECME a. Lekòl elemantè ak
lekòl segondè yo enskri pou yo antre nan Fwa Syans Distri a e nan 10 evènman Festival ak
Olenmpyad SECME. Evènman sa yo souliye angajman elèv lekòl elemantè, mwayen, ak
segondè nan defi jeni, matematik, ak syans nan yon anviwònman espòtif ki pozitif e
konpetitif. Pwojè yo ap ede ouvè pòt pou bous etid nan kolèj ak etid akademik avanse, konsa tou y ap ekspoze vizyon elèv yo e pwomote konpreyansyon ak apresyasyon pou syans ak wòl vital li jwe nan limanite.
Pami kategori fwa syans yo genyen syans konpòtman ak syans sosyal, biyochimi, botanik,
chimi, syans enfòmatik, jeni, matematik, mikwobiyoloji, zowoloji, syans latè ak planèt,
syans anviwònmantal, fizik, astwonomi, e medsin ak lasante.
Ekip elèv SECME pral teste pon an bwa pou efikasite estrikti yo. Yo pral konstwi resipyan ki ka resevwa kontni yon ze kri y ap ise anlè jiska 50 pye e y ap lage l anba. Ap gen machin ki mache sèlman avèk resò yo pran nan pèlen sourit, ki pral kouri sou planche jimnazyòm nan e y ap lanse anlè fize yo fè avèk boutèy dlo, avèk atant pou yo rete maksimòm tan anlè. Y ap ekspoze e jije disètasyon ak banyè ki kominike entèpretasyon elèv fè sou tèm ane sa a, “SECME: STEMulating Minds.”
Elèv yo ap resevwa sètifika, meday, twofe ak prim lajan kach kòm rekonpans.
###
11-JS/013/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |