POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 21 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

FEDERASYON AMERIKEN ANPLWAYE ETA, COUNTY,
AK MINISIPAL RATIFYE AKÒ

MIAMI – Avèk yon majorite ekrazan 98 pousan, manm “American, Federation of State, County, and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Eta, County, ak Anplwaye Minisipal), Lokal 1184 ratifye yon akò semèn sa a ki pral akòde anplwaye inite negosyasyon ki gen ladan chofè otobis, netwayè, mentnans, ak travayè kafeterya Lekòl Leta Miami-Dade County yon sèl ogmantasyon salè.  Anplwaye dis a douz mwa yo ap resevwa Yon sèl Peman ki egal ak en pousan salè debaz anplwaye a.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto Carvalho aplodi desizyon travayè yo.  “Sa montre anplwaye sa yo fè yon trè bon chwa lè yo opte pou yo prezève travay ansanm ak benefis asirans sante alontèm, olyede yon solisyon akoutèm ki te ka afekte travayè yo yon fason negatif.”

Akò pwovizwa a reprezante yon pake konpansasyon total ki gen ladan asirans sante, ki retni yon opsyon asirans sante gratis pou anplwaye yo.

###

11-JS/014/JS/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès