POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 24 janvye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PREZIDAN BILL CLINTON KONPLIMANTE EFÒ EDIKASYON FIZIK
AK NITRISYON LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY

(Miami) – Prezidan Bill Clinton te vizite Lekòl Mwayen Miami Edison 21 janvye, e konplimante efò Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) nan pwomote meyè nitrisyon ak edikasyon fizik pou elèv yo.  Clinton te deklare, “Si chak distri lekòl te gen menm devouman ak Miami-Dade County, nou t ap genyen yon avni ki trè briyan.”

Sipèentandan Alberto M. Carvalho te akeyi ansyen prezidan an pou yon anons sou yon nouvo akò plizyè endistri volontè ki mete ansanm pwodiktè manje ki antèt yo, gwoup òganizasyon achtè ak konpayi teknoloji pou ede lekòl Etazini yo sèvi manje ki pi bon pou lasante nan pri ki pi abòdab.  Kòm rezilta akò sa yo, plis pase 30 milyon elèv atravè peyi a pral gen aksè a manje lekòl ki bon pou lasante – ki gen ladan omwen 14 milyon elèv ki ap patisipe aktyèlman nan pwogram repa midi gratis e nan pri redui.

“Alliance for a Healthier Generation” (Alyans pou yon Jenerasyon ki pi Ansante) te envite elèv ak anplwaye nan 33 lekòl leta nan Miami-Dade County nan evènman an kòm Lekòl yo Rekonèt Nasyonalman.  Asosyasyon Ameriken pou Maladi Kè  ak Fondasyon William J. Clinton te fonde Alyans la an 2005.  Travay Alyans la afekte pozitivman andwa ki kapab fè yon diferans nan sante yon timoun: lakay yo, lekòl, kay doktè ak kominote yo.

Lekòl Leta Miami-Dade County ede etabli estanda pou yon anviwònman lekòl ansante.  Sa reflete nan fason yo sèvi manje nan kafeterya lekòl yo menmjan ak aktivite fizik ki fè pati kourikoulòm prensipal lekòl yo.  Inisyativ sa yo travay ansanm pou sipòte sante timoun yo e pou ogmante kapasite yo pou yo aprann.

Pami pwogram inovatif ki sipòte sante elèv yo se koneksyon fèm/lekòl MDCPS genyen, kote pwa vèt fre, mayi, ak lòt vejetab yo kiltive nan Sid Florid la sèvi nan kafeterya lekòl yo.  Lekòl yo pwòp jaden vejetab pwodiktif yo e manadjè sèvis manje ak pwofesè yo ka itilize abondans jaden yo nan kafeterya a.  Kèk meyè chèf kuizin Miami vin patisipe nan efò a nan bay manadjè sèvis manje yo fòmasyon sou fason kreyatif pou yo fè manje ki bon pou la sante, ki gen bon gou.

Lekòl Leta Miami-Dade ofri defi edikasyon fizik inik, tou, tankou grenpe wòch, egzèsis jwèt, yoga, ak rekonpans pou kondui kayak pou ankouraje elèv yo pou rete ansante tout lavi yo.  Anplwaye yo tou bay egzanp modèl konpòtman yo ap atann de elèv e anpil anplwaye te patisipe resamman nan yon Jounen Sante ak Byennèt avèk Depatman Sante Miami-Dade County.

###

11-JS/015/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès