|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY TE ÒGANIZE YON EKSPOZISYON EKSTRAWÒDINÈ NAN SYANS, TEKNOLOJI, JENI, MATEMATIK Plis pase 2,000 patisipan ki gen ladan elèv, paran, pwofesè, patnè endistri ak inivèsite te ale nan “Science, Technology, Engineering and Mathematics (STEM) Expo” (Ekspozisyon Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) anyèl Lekòl Leta Miami-Dade County a, 22 janvye. Dtè. Eduardo Padrón, Prezidan Kolèj Miami Dade, ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te akeyi elèv nan Ekspozisyon ane sa a, ki te pi gwo pase sa ki te konn fèt anvan yo e te anglobe twa fwa: konpetisyon Elemantè, Rejyonal, ak SECME. Pwojè STEM yo ede ouvri pòt pou bous etid kolèj ak etid akademik avanse, ansanm ak ekspoze vizyon ak apresyasyon elèv yo pou syans ak wòl enpòtan li jwe nan limanite. Nòt Editè a: Atachman foto
Soti goch rive dwat: Alberto Carvalho, Sipèentandan Lekòl yo ak Vis Chèmann Lawrence S. Feldman, nan foto a avèk patisipan Ekspozisyon Syans yo.
### 11-JS/017/GC/RL
|