POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 1ye fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS ANKOURAJE PARAN POU PRAN SONDAJ ANYÈL ETA A
KÒMANSE 1YE FEVRIYE

MIAMI - Divizyon Edikasyon Espesyal Lekòl Leta Miami-Dade County ap mande tout paran elèv, nan tout nivo ane eskolè ki ap resevwa sèvis edikasyon espesyal, pou yo patisipe nan Sondaj Anyèl pou Paran “Exceptional Student Education (ESE)” Edikasyon Elèv ki gen Bezwen Espesyal) Depatman Edikasyon Florid la.  Sondaj sa a ap disponib sou Entènèt  kòmanse 1ye fevriye rive 30 Jen 2011 nan www.esesurvey.com

Depatman Edikasyon Florid ap travay ak distri lekòl yo pou rasanble enfòmasyon sou kòman paran yo panse lekòl pitit yo ap kolabore ak yo.  Tout repons yo konfidansyèl, e yo pral amelyore sèvis ak rezilta pou timoun ak fanmi yo.

Pou fasilite paran yo, tout lekòl menmjan ak “Florida Diagnostic and Learning Resources System” (Sistèm Resous Dyagnostik ak Enstriksyon Florid) nò ak sid, pral gen òdinatè disponib pou ranpli sondaj la epitou ofri asistans.  Si paran pa ka jwenn aksè òdinatè, sondaj yo ap disponib tou sou papye. 

Pou plis enfòmasyon oubyen pou jwenn yon sondaj sou papye, kontakte Keisha Robinson, FDLRS-South, nan 305-754-4081.
 

###

11-JS/021/HD/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès