|
YO NONMEN ALBERTO CARVALHO YOUN NAN 10 PREMYE SIPÈENTANDAN KI PI BYEN ENFÒME SOU TEKNOLOJI NAN PEYI A MIAMI – Editè eSchool News yo nonmen Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade yo Alberto M. Carvalho youn nan 10 gayan 11yèm Prim Anyèl Sipèentandan ki Pi Byen Enfòme sou Teknoloji, pou kapasite pou dirije ak vizyon ekselan li sou teknoloji edikatif. Yo pral onore Carvalho ak gayan parèy li yo nan yon dejene 17 fevriye nan Denver. Yo te jije tout moun yo nonmen yo sou 10 “Karakteristik Ekselans,” ki gen ladan, “panse kreyativman ak estrajikman sou defi ak opòtinite teknoloji ofri alontèm nan distri lekòl la ak nan edikasyon anjeneral.” Carvalho depase chak kritè sa yo. Li adopte teknoloji ki fèk parèt yo e li sèvi ak yo chak jou. Kit se nan pouse nouvo sistèm acha Distri a, lanse yon inisyativ ki bay elèv ak paran aksè chak jou 24 sou 24 sou resous dijital, ogmante anwolman nan lekòl a distans a 800 pousan, oubyen kreye enstriksyon ki vizibleman atiran, dijitalman rich, fasilite melanj pwofesè/konesans nan lekòl segondè iPrep Academy. Carvalho di “Gen moun ki gade teknoloji kòm yon ajoutman oubyen yon sipleman nan edikasyon piblik. Se pa konsa mwen wè l. Mwen vrèman wè teknoloji kòm yon anviwònman… Donk nou menm kòm edikatè dwe pran avantaj egzistans nou nan anviwònman kominikasyon ki chaje ak teknoloji sa a pou benefisye edikasyon piblik.” eSchool News rekonèt 10 pi bon egzekitif edikasyon K-12 nan peyi a pou kapasite pou dirije ak vizyon ekselan yo sou teknoloji edikatif. Ane sa a se editè eSchool News ki te chwazi gayan yo avèk èd gayan ane dènyè yo. Pou plis enfòmasyon, kontakte Dtè. Sylvia J. Diaz, Direktris Administratif, Teknoloji Enstriksyonèl, nan 305-995-1915.
### 11-JS/022/HD/RL
|