POU DIFIZE IMEDYATMAN
2 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

AKADEMI OSPITALITE AK TOURIS LEKÒL SEGONDÈ MIAMI BEACH KONTINYE RÈY LI KÒM CHANPYON ETA A NAN JESYON LOJMAN

Ekip elèv Isabella Mongalo, Flavia Oliveira ak Francheska Salguero nan Lekòl Segondè Miami Beach vin chanpyon Eta a nan konpetisyon Pwogram Jesyon Lojman “Florida Restaurant and Lodging Association Educational Foundation” (Fondasyon Restoran Florid ak Asosyasyon Edikasyonèl Lojman) patwone, ki te fèt nan Wesley Chapel, Fla.  Akonplisman sa a se sizyèm viktwa sou uit konpetisyon ‘‘Beach High’s Academy of Hospitality & Tourism (AOHT)’’ (Akademi Ospitalite ak Touris Lekòl Segondè Miami Beach).

Sou direksyon pwofesè Patricia Gregory, ekip la te demontre ladrès yo nan jere otèl, ki te gen ladan etid nan nouriti ak bwason, vant/pwomosyon, yon nwit odit, enspeksyon chanm, planifikasyon bankè ak gwo evènman menmjan ak blòk konesans ki etale ladrès ak konesans yo nan Jesyon Lojman.  Chak elèv te resevwa $1,000 bous etid (renouvlab pou kat ane) nan Johnson & Wales University ak Daytona State College. 
Yo pral reprezante eta Florid la, nan chanpyona nasyonal la nan Orlando ann avril.

AOHT se yon pwogram pwomosyon anba kontwòl Lekòl Chwa ak Biwo Opsyon Paran e yon manm nan pwogram ‘‘National Academy Foundation (NAF)’’ (Fondasyon Nasyonal Akademi), yon rezo nasyonal akademi karyè pou sipòte devlopman jèn nan Amerik anvè siksè pèsonèl e pwofesyonèl nan lekòl segondè, edikasyon piwo e atravè tout karyè yo.  Lekòl Leta Miami-Dade County gen 14 akademi ospitalite ak touris. Pou plis enfòmasyon sou Akademi Ospitalite ak Touris, kontakte Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran nan 305-995-1922 oubyen www.miamimagnets.org.

Pou plis enfòmasyon sou ‘‘Florida Restaurant & Lodging Association’’ (Asosyasyon Restoran Florid ak Lojman), kontakte Laura Rumer, Direktè ‘‘School to Career’’ (soti Lekòl antre nan Karyè) nan laura@frla.org.   

LMP

Foto goch a dwat:  Francheska Salguero, Isabella Mongalo e Flavia Oliveira

 

###

11-JS/023/HD/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès