POU DIFIZE IMEDYATMAN
7 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV LEKÒL ELEMANTÈ W.J. BRYAN AP TOUNEN ‘EWO K AP PWOTEJE ANVIWÒNMAN’ AVÈK DON KI SOTI NAN “RECYCLEBANK”

Magnèt Mize Lekòl Elemantè William Jennings Bryan resevwa yon don $4,699.49 ki soti nan “Recyclebank Green Schools Program” (Pwogram ‘Recyclebank’ pou Pwoteje Anviwònman Lekòl yo) paske li kreye yon pwojè resiklaj ak angrè.  Don sa a pral peye pou materyèl ak zouti ki nesesè pou kreye yon pwojè anviwònmantal nan lekòl la.

Pwojè resiklaj ak angrè a pral ensite e responsabilize elèv pou yo inisye e kenbe yon enpak pozitif sou anviwònman kominote yo pandan l ap pèmèt yo fè ladiferans an menmtan.  Adisyonèlman, don sa a pèmèt lekòl la resevwa pwen “green” (pwoteksyon anviwònman) nenpòt lè yo enplike kominote a nan pwojè sa a.  Pwen sa yo ap tounen kash, yo ka itilize pou inisyativ “green” alavni nan lekòl la.

Chak semès, Pwogram ‘Recyclebank’ pou Pwoteje Anviwònman Lekòl yo bay don Pwojè anviwònmantal jiska $5,000 pou lekòl nan kominote Recyclebank ki fè resiklaj lakay.  Recyclebank bay $10 pou chak 100 pwen yo bay yon lekòl.

Misyon Recyclebank se pou motive endividi ak kominote pou yo reyalize yon mond kote anyen pa gaspiye. Pwogram pou Pwoteje Anviwònman Lekòl yo responsabilize jèn pou yo vin ewo ki ap pwoteje anviwònman e fè yon enpak pozitif “green” nan pwòp kominote yo.

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram pou Pwoteje Anviwònman Lekòl yo, ekri Recyclebank elektwonikman nan gsp@recyclebank.com.

 

###

11-JS/024/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès