POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 7 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

KLARIFIKASYON KONSÈNAN EKIP KASKETBÒL “KROP BOYS”

Gen yon nòt pou laprès ki te soti anvan, konsènan yon konferans pou laprès yo te pwograme pou 3è nan aprèmidi jodi a konsènan ekip Baskètbòl gason “Dr. Michael M. Krop Senior High School Boys.”

Reprezantasyon legal pou enterè ekip Baskètbòl Krop Boys la se responsablite Avoka Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade; se pa responsablite okenn lòt endividi oubyen òganizasyon.

Pou kounye a, ekip Baskètbòl Krop Boys la pa anrejistre okenn aksyon an jistis e pa gen okenn aksyon ki fèt nan non li nonplis.

 

###

011-JJS/025/JS/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès