|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 fevriye 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
KAT LEKÒL SEGONDÈ M-DCPS EDE FLORID VIN ANTÈT PEYI A
NAN PATISIPASYON PLASMAN AVANSE
MIAMI – Kat lekòl segondè Miami-Dade County te pami senk lekòl Florid ki te ede Eta a atenn pozisyon nimewo en nan klasman peyi a pou pousantaj 2010 elèv lekòl segondè ki pran egzamen “Advanced Plasman (AP)” (Plasman Avanse) pandan yo nan lekòl segondè, daprè 7yèm Rapò AP Anyèl “College Board” (Komite Kolèj) pou Peyi a.
Lekòl yo: lekòl segondè Barbara Goleman, Coral Reef, Design and Architecture ak Miami Killian, te an gran liy nan rapò a pou pwogram egzanplè yo nan ogmante aksè pou kou AP pami elèv defavorize yo. Senkyèm lekòl Florid la se Lekòl Segondè Cypress Bay nan Weston. Yo pa rekonèt kantite lekòl sa a nan okenn lòt eta.
Pwogrè AP Florid la kontinye lajman parapò ak patisipasyon e akizisyon pèfòmans solid elèv Afriken Ameriken ak Ispanik ki eksperimante ogmantasyon nan toude pousantaj elèv ki pran ak pousantaj elèv ki pase egzamen AP yo.
Plis gran liy nan 7yèm Rapò Anyèl pou Peyi a:
- Florid klase an premye ak 43.5 pousan elèv segondè (65,741) ki pran omwen yon egzamen AP pandan karyè lekòl segondè yo ki amelyore mwayèn pousantaj nasyonal la a 28.3 pousan.
- Florid se twazyèm nan peyi a pou kantite total egzamen AP elèv pran a 231,632.
- Kèlke 22.3 pousan elèv segondè nan Florid (33,712) te pase egzamen AP an ak yon nòt twa oubyen pi wo, ki sekirize eta a ran sizyèm plas nan peyi a e depase mwayèn nasyonal la ki se 16.9 pousan.
- Eta ki ogmante pi plis pandan senkan nan pousantaj elèv lekòl segondè ki fè nòt 3 oubyen pi wo nan yon Egzamen AP te: Vermont, Florid, Maryland, Maine, Minnesota, Colorado, Georgia, Connecticut, Massachusetts ak Washington.
- Dis premye eta ki gen pi gwo pwopòsyon nan elèv lekòl segondè kòmanse nan klas 2010 ki fè omwen yon eksperyans egzamen AP satisfezan se te: Maryland (26.4 pousan), New York (24.6 pousan), Virginia (23.7 pousan), Connecticut (23.2 pousan), Massachusetts (23.1 pousan), California (22.3 pousan), Florid (22.3 pousan), Vermont (21.8 pousan), Colorado (21.4 pousan) ak Utah (19.2 pousan).
Pou plis enfòmasyon sou rapò AP a, vizite “The College Board” nan http://apreport.collegeboard.org/.
###
11-JS/027/HD/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |