POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 15 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

OU VLE ALE NAN KOLÈJ?
FWA KOLÈJ NASYONAL AP VIN MIAMI 20 FEVRIYE

Reprezantan plis pase 200 kolèj ak inivèsite ap nan Fwa Kolèj Nasyonal 2011 la nan Miami, kòmanse a midi pou 4è nan aprèmidi, dimanch 20 fevriye, nan Doubletree Miami Mart Hotel, ki nan 777 N.W. 72 Ave.

Fwa gratis la ap pèmèt elèv, paran ak lòt manm nan piblik la rankontre ak reprezantan kolèj yo e jwenn repons pou kesyon yo.  Anplisdesa, yo pral ofri sesyon enfòmasyon sou èd finansyè, planifikasyon ak admisyon nan kolèj e egzamen yo mande.  Y ap prezante sesyon yo chwazi ann Espayòl e an Kreyòl.  Konseye ak sant konpitè pral pèmèt elèv yo jwenn aksè sou sondaj karyè ki enterese yo ak enfòmasyon sou preparasyon pou kolèj, admisyon ak bousdetid.

Se “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye Admisyon pou Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki patwone evènman sa a.  Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la.  Madan Hantman, ki ko-chèmann komite fwa lokal la depi 15 ane konsekitif, di, “Fwa Kolèj Nasyonal la bay paran ak elèv yo aksè fasil ak enfòmasyon ekselan sou opòtinite edikasyonèl… Se yon bonjan fason pou yo vin enfòme e pou yo dekouvri opsyon pou edikasyon apre lekòl segondè.”

Chak ane NACAC patwone fwa nan 50 vil atravè peyi a ki atire plis pase 800,000 elèv ak paran.  Pou plis enfòmasyon, kontakte liy telefòn Fwa Kolèj la nan 305-995-1739 e vizite www.dadeschools.net/collegefair2011 oubyen www.nacacnet.org.

 

###

11-JJS/028/jam/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès