POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 25 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS GENYEN PRIM DISTENKSYON DISTRI A NAN NITRISYON LEKÒL

Asosyasyon Nitrisyon Lekòl la Rekonèt Pwogram Ekstrawodinè Nitrisyon Lekòl la

MIAMI – “School Nutrition Association (SNA)” (Asosyasyon Nitrisyon Lekòl) rekonèt Lekòl Leta Miami-Dade County resamman kòm District of Excellence Distinction in School Nutrition (Distenksyon Distri Ekselans nan Nitrisyon Lekòl).

Distenksyon prestijye sa a rekonèt distri lekòl ki resevwa nòt 80 pousan oubyen plis kòm pwòp evalyasyon yo nan kat domèn “kle” nan pwogram “Keys to Excellence” (Kle pou Ekselans) la.  Gwo nòt sa a demontre konesans ak aplikasyon meyè pratik nasyonal yo nan nitrisyon ak edikasyon nitrisyon, kominikasyon ak maketing, administrasyon, ak operasyon.

“Keys to Excellence” se yon pwogram estanda meyè pratik nasyonal ki te yon eleman debaz nan devlopman pwofesyonèl SNA ak pwogram fòmasyon depi 1992.  Li bay distri lekòl yo yon fason pou konpare pwogram yo avèk estanda ekselans endistri a pandan l ap ede yo satisfè objektif yo ki se sèvi repa ki bon pou lasante, bon nan bouch nan yon pri ki pa chè.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Se avèk onè nou resevwa deziyasyon Asosyasyon Nitrisyon Lekòl sa a paske li rekonèt tout gwo travay operasyon manje ak nitrisyon lekòl nou an fè pou manje yo vin bon nan bouch, atiran, nourisan, e ekonomik.”

Prezidan Asosyasyon Nitrisyon Lekòl yo Nancy Rice di, “Lekòl Leta Miami-Dade County reyisi leve defi reyalizasyon yon bonjan pwogram nitrisyon e nou felisite yo pou reyalizasyon ak angajman yo pou ekselans nan jesyon manje ak nitrisyon lekòl.”

Pandan itilizatè “Keys to Excellence” yo ap navige atravè pwòp evalyasyon yo sou Entènèt,
y ap klase pèfòmans yo sou meyè estanda pratik nasyonal e objektif.  Atravè meyè estanda pratik ak seksyon resous, yo ofri yo zouti inovatif, pratik ak lide pou kreye manje ki nourisan, atiran, e mennen operasyon pwogram manje ak nitrisyon Lekòl yo avèk efikasite atravè pratik biznis ak jesyon finansye ki solid.  Apre yo fin konplete Kle yo, direktè yo ka konpare pwogram pa yo avèk pwogram distri nan tout peyi a sou divès paramèt demografik.

Anplis, “Keys to Excellence” bay direktè manje ak nitrisyon lekòl yo lide pou pwomote ekselans nan sèvis manje atravè kominote lekòl la.  Pwogram “Keys to Excellence” la ofri konsèy sou fason pou entegre tout lekòl la nan edikasyon sou nitrisyon elèv, pa egzanp, nan itilize kafeterya ak meni repa midi kòm zouti pou aprann.

An 2007, yon komite ekspè te reyalize yon egzamen konplè sou meyè estanda pratik District of Excellence Distinction in School Nutrition (Distenksyon Distri Ekselans nan Nitrisyon Lekòl).  Distri yo soumèt yon aplikasyon konplè bay yon komite fòmèl ki ap travay nan menm domèn nan pou evalyasyon.  Gayan District of Excellence yo kapab aplike tou pou Prim  prestijye $25,000 “District of the Year” (Meyè Distri pou Ane a).  Pwogram Distri Ekselans ak Meyè Distri pou Ane a te posib atravè sipò “National Dairy Council.” (Konsèy Nasyonal Pwodiksyon Lèt)

SNA se yon òganizasyon pwofesyonèl nasyonal, ki pa la pou pwofi ki reprezante plis pase 55,000 manm ki ap bay elèv atravè tout peyi a manje bon kalite a pri redui.  Asosyasyon an ak manm li yo detèmine pou yo nouri timoun avèk manje ki san danje e ki nourisan.  SNA, yo te fonde an 1946, se sèl asosyasyon ki devwe totalman nan pwoteksyon e amelyorasyon sante ak byennèt timoun atravè repa lekòl ak yon edikasyon nitrisyon ki solid.

Fondasyon Nitrisyon Lekòl, yo te etabli an 1964, se yon kòporasyon ki pa la pou pwofi, ki bay pwofesyonèl nitrisyon timoun ak manm SNA yo devlopman pwofesyonèl kalite siperyè, pwogram èd finansye ak rechèch.  Angajman Fondasyon an pou kominote nitrisyon timoun nan esansyèl pou aplikasyon chanjman nan manje lekòl yo e, finalman pou sante timoun lekòl.

Pou aprann plis sou pwogram Distri Ekselans la, silvouplè vizite  www.schoolnutrition.org/KEYS.

Pou plis enfòmasyon, kontakte Penny Perham, Direkte Administratif, Depatman Manje ak Nitrisyon pa telefòn nan 786-275-0420 oubyen let elektwonik Penny@dadeschools.net.   

 

###

10-JJS/029/DF/CM

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès