|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 18 fevriye 2011 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SÈT FINALIS AP FÈ KONPETISYON
POU PRIM PWOFESÈ POU ANE A
Lekòl Leta Miami-Dade County ak Sendika Pwofesè Dade pral fè yon dine pou rekonèt Pwofesè Pou Ane 2012 Francisco R. Walker pou nonmen pwofesè ki pi ekselan atravè Distri a mèkredi, 23 fevriye, a 7è diswa nan Doral Golf Resort & Spa’s Grand Ballroom. Adrès la se 4400 N.W. 87th Ave., Doral.
Sèt finalis yo, zòn yo reprezante ak lekòl yo nan lis ki anba a:
- Rejyon I - Neyda A. Borges, Miami Lakes Educational Center
- Rejyon II - Lissette Marie Reigosa, W. J. Bryan Elementary
- Rejyon III - Barbara Leah Quinaz, Miami Senior High
- Rejyon IV - Agustin Grana, Southwest Miami Senior High
- Rejyon V - David Menasche, Coral Reef Senior High
- Education Transformation Office (ETO) - Robert J. Baglos, North Miami Senior High
- Pwogram Altènatif - Dr. Barrett E. Mincey, Educational Alternative Outreach Program
CTB/McGraw-Hill, Pearson ak South Florida Educational Federal Credit Union patwone evènman an, e Univision 23/Telefutura 69, Fox-Mar Photography ak Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs ko-patwone li. Kendall Toyota ap bay gayan an kle pou yon machin nèf.
Distri a ak United Teachers of Dade pral rekonèt finalis Nouvo Pwofesè Pou Ane 2011 la tou, e anonse gayan an nan evènman an. Finalis yo nan lis ki anba a:
- Rejyon I - Janet Blanco-Soto, Spanish Lake Elementary
- Rejyon II - Brittany M. Middlebrooks, Thomas Jefferson Middle
- Rejyon III - Matias Ricardo Manzano, Jose De Diego Middle
- Rejyon IV - Christopher Anthony Illa, Felix Varela Senior High
- Rejyon V - Jasmine L. Brown, Caribbean Elementary
- ETO – Lauren K. Harshbarger, Dr. Henry W. Mack/West Little River Elementary
- Pwogram Altènatif - Caroline Raffington, YWAACD at J.R.E. Lee Opportunity
Pou plis enfòmasyon kontakte Biwo Patisipasyon Kominotè nan 305-995-3050.
###
11-JS/030/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |