POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 28 fevriye 2011        

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

LEKÒL SEGONDỀ DESIGN & ARCHITECTURE AP SELEBRE 20YỀM ANIVỀSỀ LI

KIYÈS: 
Elèv “Design and Architecture Senior High (DASH)” (Lekòl Segondè Design and Architecture) ak ansyen elèv distenge, anplwaye Distri ak lekòl, paran ki devwe e manm kominotè
KISA:
Selebrasyon 20yèm anivèsè DASH
KILÈ: 

Vandredi 4 mas
1:30 nan aprèmidi

KI KOTE: 

Design and Architecture Senior High School
4001 N.E. 2nd Avenue
Miami, Florida 33137 

POUKISA:

DASH, yon lekòl magnèt ki gayan prim pou nòt “A” avèk yon kourikoulòm san parèy, ap selebre 20yèm anivèsè li.  Nan lekòl sa a, elèv jwenn ladrès lavi ak pwofesyonèl nan yon kontèks ki adrese ak abilite endividyèl ak pèsonèl yo.  “Education by Design” (Aprann nan Fè Desen) reprezante filozofi lekòl la, ki ofri elèv li yo pwogram nan achitekti, desen endistriyèl, desen mòd, ar rafine, kominikasyon vizyèl ak teknoloji divètisman.  Yon ekip pwofesyonèl endistri ak desen devwe devlope e anseye tout pwogram yo. 

An 2007 DASH te resevwa prim “National Blue Ribbon School Award” Depatman Edikasyon an, e U.S. News and World Report te nonmen li youn nan meyè lekòl segondè nan peyi a pou dènye senkan yo. Jounal la te resamman klase DASH tou kòm youn nan Pi Gwo Lekòl Magnèt nan Etazini.

Pou Rezève silvouplè rele Kerly Cileli nan 305-573-7135 oubyen kcileli@dadeschools.net.

 

 

# # #

11-JS/032/GC/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès