|
ELÈV MAGNÈT LEKÒL MWAYEN NORLAND DEMONTRE Elèv Magnèt Ar Lekòl Mwayen Norland demontre talan yo e yo eksele nan divès konpetisyon atravè Distri ak Eta a. Yo ekspoze travay ar senk elèv atis nan 25yèm Enpresyon sou Akwarèl Anyèl nan Dave & Mary Alper Jewish Community Center. Elèv Arnelle Carbon te genyen 2yèm plas Prim Merit la e li te resevwa yon sètifika kado $75. Nan konpetisyon an te genyen tou Jasmine Albert, Kinjah Cadet, Terry Gifford ak Zarria Headley. Yo ekspoze aktyèlman yon pòtre pèsonèl an chabon pou twa elèv: Quanisha Fleming, Tanya Jean-Baptiste ak Danzel King nan koulwa Komisyon Konsèy Lekòl la pou Egzibisyon “Black History” (selebrasyon Istwa Nwa yo). Yo te ekspoze travay kat nan elèv atis yo: Armelle Carbon, Sierra Hardley, Tanya Jean-Baptiste, ak Attlesha Harry nan Egzibisyon “Small Works” (travay an ti dimansyon) II. Travay sa yo te byen detaye e yo te limite gwosè yo a 9X9 santimèt. Akademikman, Lekòl Mwayen Norland ap fè gran pa nan redaksyon, resevwa gwo onè nan konpetisyon redaksyon ki fèt atravè county a. Kevinisha Scott te genyen premye plas pou Pou plis enfòmasyon, kontakte Direktè Lekòl Mwayen Norland Eugene Butler Jr. nan 305-653-1210.
Yaritza Jaimes, yon elèv 5yèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè R.R Moton, te kreye tablo pwason Kap sa a.
### 10-JS/033/HD/CM
|