POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

DEKLARASYON KONSÈNAN EGALITE NAN PRATIK BIZNIS

“Administratè Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè reyinyon ak biznisman Konsène, NAACP, ak Chanm Komès Miami-Dade pou adrese inegalite nan pratik biznis. Nou tout konnen nou bezwen refòm, jan rapò yo te mansyone nan konferans laprès jodi a endike – yon rapò pwòp biwo “Minority/Women Business Enterprise” (Antrepriz Biznis Fi Minoritè) pa nou an te fè. Pandan tout moun rekonèt n ap jere yon pwoblèm ki la depi 23 an, nou pwomèt pou jwenn solisyon nan 23 jou.  Asire egalite se yon aspè nan ekwasyon an, men edikasyon pral yon eleman enpòtan tou pandan n ap travay pou n fè pwopriyetè biznis lokal gwo kòm piti konnen disponiblite opòtinite sa ap kreye.” 

“N ap eseye akonpli tout sa pandan pi move moman nou janm konnen, ki se yon defi.  Pandan nou paka efase inegalite ki fèt nan tan pase yo, nou ka definitivman amelyore egalite nan lavni.”

-John Schuster, Ofisye Anchèf Kominikasyon

 

###

011-JJS/034/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès