|
ELÈV YO EKSPLORE OPSYON EDIKASYONÈL NAN MIAMI – Lekòl Leta Miami-Dade County te fè eksperyans yon lòt Fwa Kolèj Nasyonal ki te byen reyisi nan Doubletree Miami Mart Hotel. Plis pase 11,000 elèv avèk paran yo te ale nan evènman 4 èdtan an pou rankontre avèk reprezantan prèske 200 kolèj ak inivèsite pou poze kesyon sou admisyon, èd finansyè ak egzamen yo mande. Yon eleman popilè fwa a te pèmèt elèv enskri alavans pou yon kat idantifikasyon elektwonik ki pèmèt yo mande plizyè kolèj ak inivèsite enfòmasyon san yo pa gen pou yo ranpli kat enfòmasyon. “The National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal pou Konsèy Admisyon Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County te patwone evènman gratis la.
### 11-JJS/035/DF/RL
FWA KOLÈJ – Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman (nan mitan) ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho (adwat) ap koupe riban an, ki te ouvè Fwa Kolèj Nasyonal la 20 fevriye. Madan Hantman ak Msye. Carvalho te jwenn ak asosye Direktris “National Association for College Admission Counseling (NACAC)” Sylvia E. Karpf (agoch). Madan Hantman se ko-chèmann komite lokal Fwa Kolèj Nasyonal la depi 15 ane konsekitif.
|