POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV 4YÈM AK 8YÈM ANE ESKOLÈ MIAMI-DADE DEPASE PÈFÒMANS ELÈV NAN GRAN VIL ETAZINI YO NAN SYANS

MIAMI - Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te depase pèfòmans lòt elèv nan anpil gran vil Etazini yo nan egzamen “2009 National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyon 2009) “Trial Urban District Report (TUDA)” (Rapò Esè Iben Distri) nan syans. Rezilta egzamen syans yo nan menm nivo ak rezilta ekstrawòdinè yo rapòte pou matematik ak lekti.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Yon fwa ankò Miami-Dade deplase egwi a nan yon fason admirab…Si se te Olenpik, Miami-Dade t ap resevwa yon meday lò nan lekti, yon meday ajan nan matematik e kounye a yon meday bwonz nan syans.”

Elèv 4yèm ak 8yèm ane eskolè M-DCPS resevwa pi gwo nòt pase elèv lekòl nan lòt gran vil nan tout peyi a nan evalyasyon Syans NAEP a.  Elèv 4yèm ane eskolè M-DCPS fè meyè nòt pase pi fò lòt gran vil nan gwo distri yo nan etid la, ki gen ladan New York City, Houston, Atlanta, ak Chicago.

Elèv 8yèm ane eskolè M-DCPS te fè meyè nòt pase elèv parèy yo nan pi fò gran vil nan gwo distri yo nan etid la, ki gen ladan Boston, New York, Atlanta, Los Angeles, ak Chicago.

Elèv Ispanik 4yèm ak 8yèm ane eskolè M-DCPS depase kamarad yo nan tout peyi a nan lekòl leta nan gran vil yo nan tout mezi yo te repòte yo (nòt mwayèn, pousantaj nòt ki egal oubyen ki depase nòt Debaz, e egal oubyen depase Konpetans).

Rezilta nan evalyasyon nasyonal syans sa a te reflete akonplisman elèv M-DCPS yo, ki pa nòmalman revele nan FCAT syans eta a.  Antotal, 71 pousan elèv 4yèm ane eskolè M-DCPS ak 62 pousan elèv 8yèm ane eskolè te fè nòt ki egal oubyen depase nòt Debaz nan evalyasyon Syans NAEP 2009 la.

Administrasyon 2009 la te premye ane distri lekòl la tenan pwogram “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Rapò Esè Iben Distri (TUDA), ki konpare dirèkteman akonplisman elèv nan gwo distri Iben yo ki ap fè fas ak menm defi yo akoz povrete e popilasyon ki gen gwo risk.  Distri ki te patisipe nan NAEP/TUDA syans la gen ladan Atlanta, Austin, Baltimore, Boston, Charlotte, Chicago, Cleveland, Detroit, Fresno, Houston, Jefferson County (KY), Los Angeles, Milwaukee, New York City, Philadelphia, San Diego, ak Miami.

 

###

11-JJS/037/DF/SD

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès