POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 fevriye 2011

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN AGUSTIN GRANA KÒM MEYÈ PWOFESÈ M-DCPS POU ANE A

Yo nonmen Agustin Grana, yon pwofesè edikasyon espesyal nan Lekòl Segondè Southwest Miami, Meyè Pwofesè Franscisco R. Walker Miami-Dade County pou Ane 2012 la nan yon seremoni nan Doral Golf Resort and Spa yè swa.

Sèt finalis te fè konpetisyon pou tit dezirab la ane sa a, ki gen ladan yon moun yo nonmen ki soti nan chak senk rejyon Distri a, youn nan Biwo Transfòmasyon Edikayson ak youn nan Edikasyon Altènatif.

Grana ap anseye elèv ki gen yon enkapasite entelektyèl nan Sidwès Miami pou 10 dènye ane yo depi lè li te kòmanse karyè ansèyman li an 2000.  Grana, ki gen yon metriz nan Divinite tou, di wòl li se pa pou senpleman bay elèv li yo enfòmasyon, men se fè l aplikab.  Akoz desa e tou elèv bezwen fòmasyon travay, Grana te fonde pwogram Lavaj “C.L.A.W. (Community, Living and Working) Wash” (Kominote, Viv ak Travay) – yon biznis lekòl elèv yo jere, kote yo lave machin pwofesè ak elèv pandan yo lekòl.  Pwogram la gen yon doub objektif, li ranfòse ladrès akademik elèv aprann nan salklas e li alafwa pwomouvwa ladrès sosyal ak travay.  Grana te fonde tou “Southwest Pantry” (Depo Manje Sidwès) pou ede elèv ki nan bezwen e ki pòv nan kominote Lekòl Segondè Southwest nan ofri yo manje ak rad moun bay kòm don.

Yo te chwazi Lisette Reigosa, yon pwofesè Lekti/Redaksyon ak etid sosyal 5yèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè William Jennings Bryan pou dezyèm plas.  Reigosa sèvi ak yon kantite estrateji soti nan diskisyon pami elèv menm laj e enstriksyon an ti gwoup rive nan grafik ak kat travay FCAT pou l asire li satisfè tout bezwen elèv li yo.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “nou selebre Meyè Pwofesè pou Ane a paske grandè peyi nou an chita sou pwofesè… Pwofesè se moul fiti a, e nou dwe pale ak yo avèk plis respè posib.”

Pwogram Meyè Pwòfesè pou Ane a se yon antrepriz tèt ansanm ant United Teachers of Dade ak Lekòl Leta Miami-Dade County.  Se CTB/McGraw-Hill, Pearson ak South Florida Educational Credit Union ki finanse evènman an, e Univision 23/Telefutura 69, Fox-Mar Photography, Miami-Dade County Council of PTAs/PTSAs, ak Kendall Toyota ki ko-patwone li.

 

###

11-JS/038/HD/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès