|
YO NONMEN UIT LEKÒL LETA MIAMI-DADE POU PRIM MERIT Uit Lekòl Leta Miami-Dade pami 133 lekòl nan tout peyi a yo nonmen gayan pou Prim Merit prestijye “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnèt nan Etazini). MSA etabli Prim Merit la pou rekonèt lekòl magnèt ki montre angajman pou estanda akademik ki wo, inovasyon nan kourikoulòm, efò siksè pou entegrasyon/divèsite, anplwaye espesyalize pou anseye ak patisipasyon paran e kominote a. Yo bay Prim Merit MSA nan de kategori: “Schools of Excellence and Schools of Distinction” (Lekòl Ekselans ak Lekòl Distenksyon). Lis anba a se gayan lekòl Miami-Dade pou chak kategori yo. Schools of Excellence Schools of Distinction Yo pral rekonèt tout lekòl gayan yo nan repa midi MSA 29yèm Konferans Nasyonal 15-18 me nan Indianapolis. Pou plis enfòmasyon, kontakte Madan Marie Mennes, Lekòl Chwa, nan 305-995-1922. Pou plis enfòmasyon sou Lekòl Magnèt nan Etazini, silvouplè vizite www.magnet.edu/.
### 11-JS/039/DF/SD
|